top of page

Soudi Elektrik Nivo 1

REZIME

Nan 80 èdtan kou entwodiksyon sa, etidyan yo pral aprann baz soudi elektrik; kisa sa ye, mezi sekirite soudi, montaj ak itilizasyon ekipman yo ak kouman pou yo fè liy ak kouch soudi nan kat (4) pozisyon: plat, orizontal, vètikal, ak anlè. Se yon 80 èdtan kou ki anseye pandan  de (2) semenn.

Jeff Ballard, se yon enstriktè sètifye SNERK e yon aktyèl ESS (Enspektè Soudi Sètifye) ak FSS (Fòmatè Soudi Sètifye) ak manm Sosyete Soudi Ameriken avèk plis pase 49 lane ekperyans nan fabrikasyon metalik, li bay direktiv ak fè kontwòl kalite nan tout fòmasyon soudi Extollo yo.  Avan li te entegre Extollo, Jeff te fè pati de konsèy administrasyon Lekòl Teknik Yòk nan Kolin Wòch, Kawolin Disid apre yon long karyè reyisi nan pwòp chòp fabrikasyon metalik li.

SÈTIFIKA

Yo teste elèv yo twa fason:

 

1) Tès ekri
2) Egzamen Pratik
3) Etik pwofesyonèl, konpòtman moun ak mounn, lidèchip

Nòt yo majore a yon mwayenn jeneral .  Etidyan yo dwe reyisi ak yon mwayenn 70 ou plis pou yo ka resevwa yon sètifika. Chak sètifika ap endike ki mwayenn elèv lan fè.

 

EKOLAJ

Ekolaj kou entansif sa se 375 dola ameriken.  Yon kantite limite bous etid disponib pou etidyan ki kalifye pou sa.

SOUSKRIPSYON

Si-w enterese patisipe nan kou nivo 1 nou an, enskri pou notifikasyon pa imel.  W-ap resevwa yon imel pou tout kou ki gen pou vini avèk plis lòt enfòmasyon.

OPOTINITE TRAVAY

Etidyan ki sètifye ak yon sètifika nivo 1 Extollo genyen konpetans esansyèl metye-a pou-l travay.  Yo youjou bezwen kontinye pran eksperyans nan fè pratik konpetans sa yo ke yo fenk genyen, men anpil nan yo pare pou travay nan yon ekip ak eksperyans nan metye yo sètifye an, e kèk menm prè pou kòmanse pwòp biznis pa yo.


Si-w se yon patwon k-ap chache anplwaye bon bòs soudè tanpri kontakte nou.  N-ap kontan pataje enfòmasyon sou etidyan sètifye nou yo ak ou!

Pou plis enfomasyon

Pou plis enfòmasyon, tanpri konsilte paj ki montre Kesyon Moun Poze Toutan yo.

 

bottom of page