top of page

SA-W DWE KONNEN DE NOU

Nou se yon konpayi ekonstriksyon avèk fokis sou fòmasyon ki montre pi wo nivo eskelans ak entegrite, ki fikse estanda pou metòd ekonstriksyon menm jan ak pwodui ekonstriksyon an Ayiti.

Objektik konpayi nou a se pou:

  • Leve nivo kalite ekonstriksyon an Ayiti atravè yon fòmasyon, pwodui ak sèvis de trè bon kalite.

  • Kreye opòtinite travay ak ekonomik atravè anplwa dirèk ak konpayi ekonkstriksyon afilye.

  • Devlope ak ansyeye trè karaktè Jezi yo nan tout sa n ap fè.

Kòm yon konpayi avèk fokis sou fòmasyon, pwogram fòmasyon nou an ofri kou pwofesyonèl trè pratik nan Mason, Beton, Elektrik, Soudi elatriye.  Etidyan ki seleksyone yo jwenn opòtinite pou yo avanse avèk yon fòmasyon pratik atravè pwogram Estaj/Nivo 2 nou an.  Nan operasyon ekonstrksyon nou yo n ap devlope plizyè modèl kay ak mi kloti ki itilize teknoloji ekonstriksyon tiltòp lan - premye nan fason sa an Ayiti.  N ap bati kapasite n pou n ofri pwodui fabrikasyon metalik wo nivo.  Devlopman fòmasyon ak pwofesyonèl antre nan tout sa n ap fè.

 

Kilti konpayi nou a bati sou fondasyon respè, kolaborasyon, ak travay en ekip.  Nou valorize ide inik yo ak tout konpetans manb yo nan ekip nou e nou fè tout sa ki posib pou kreye yon anviwonnman kote chak moun ka grandi. Nou kwè lè n ap envesti nan ekip nou, nou ka atenn objektif nou yo ak bay kliyan nou yo pi bon rezilta posib.

Manm yo nan ekip nou se batman kè òganizasyon nou an. Nou priyorize byennèt ekip nou e nou fè tout sa ki posib pou kreye yon kilti ki ankouraje devlopman pwofesyonèl ak kwasans pèsonèl.  Nan Extollo, nou kwè ke nan ranfòse ekip nou, nou ka akonpli bèl bagay ansanm.

 

Estaf Lan

Bendy_edited.jpg
James Stephano Jean-Baptiste 
Koòdonatè Pwogram Fòmasyon

Li gen yon lisans nan Administrasyon biznis, Bendy rantre nan ekip sant pwofesyonèl la an 2022. Li pote nan pozisyon sa a, 6 ane eksperyans travay nan ONG kòm responsab kredi, manadjè mak ak pwofesè lekòl pwofesyonèl avanse. Li pwouve tèt li, pa selmam kòm administratè men tou kòm pwofesyonèl nan maketing ak pwodiksyon videyo. Nou rekonesan anpil pou divès talan ak kapasite li pote nan Extollo.

jeff.jpg
Jeff Ballard
Manadjè konstriksyon ak Fabrikasyon Metalik

Jeff Ballard, se yon enstriktè sètifye SNERK e yon aktyèl ESS (Enspektè Soudi Sètifye) ak FSS (Fòmatè Soudi Sètifye) ak manm Sosyete Soudi Ameriken avèk plis pase 49 lane ekperyans nan fabrikasyon metalik, li bay direktiv ak fè kontwòl kalite nan tout fòmasyon soudi Extollo yo.  Avan li te entegre Extollo, Jeff te fè pati de konsèy administrasyon Lekòl Teknik Yòk nan Kolin Wòch, Kawolin Disid apre yon long karyè reyisi nan pwòp chòp fabrikasyon metalik li.

IMG_3365.JPG
Jessica Jean
Administratè

Jessica entegre ekip lan kòm Asistant Administrativ. Li se yon moun ki trè entelijan e ki aprann vit. Kounye-a, l-ap pouswiv etid li avèk objekif pou li ka dirije mye e devni yon moun ki antreprann mye. 

IMG_3761.JPG
Junior Medard
Direktè Jeneral

Junior te kòmanse avèk Extollo nan mwa avril 2019. Junior gen anpil ane eksperyans nan travay ak biznis nan Ayiti. Li itilize kapasite lidèchip ak biznis li pou l kontinye antrene ak devlope anplwaye ayisyen nou yo epi avanse Extollo an Ayiti.

Image from iOS (213).jpg
Javier Calero
Enjenyè Pwojè/Enspektè Kontwol Kalite

Javier genyen yon lisans nan jeni sivil ak yon sètifika pwofesyonèl ACI pou Enspektè Espesyal nan Ekonstriksyon an Beton.  Avèk plis pase 12 lane nan endistri ekonstriksyon an, 7 lane nan ekonstriksyon an beton, Javier te travay avan kòm yon Teknisyen ACI Tès Beton sou Chantye.  Javier pote valè nan tout sa ki konsène beton nan travay tiltòp nou yo.

IMG_3348.JPG
Jeffte Fenelus
Metal Fab & Construction Clerk

Jeffté ap bay sèvis li nan Extollo depi kèk tan. Atansyon li ak detay, sousi-l pou travay kalite ak bon konpètman-l se tankou yon fòs ki mete plis vi nan òganizasyon an. Anplis ke li ap anseye, li responsab tout travay enstalasyon k-ap fèt nan espas lan.

IMG_1655.JPG
Jonathan Dagrin
Kòdonatè Tilt-Up

Jonathan te rantre nan ekip Extollo an 2020 apre li te fin gradye nan tèt klas fòmasyon li a. Li te montre gwo potansyèl kòm yon pwofesè ak konpetans angle li yo gen anpil valè.

Keith Headshot 2019.jpg
Keith Cobell
Prezidan

Keith pote llidèchip estratejik ak jesyon an jeneral pou Extollo pandan l ap sipòte misyon Extollo a ki se ekipe ak libere potansyèl gason ak fanm nan Ayiti atravè metye konstriksyon yo - tout sa nan objektif pou bati estrikti trè bon kalite ak mendev trè kalifye pou kreye yon Ayiti pi fò.

ShermanBalch.jpg
Sherman Balch
Kontraktè

Sherman se yon ekspè rekoni entènasyonalman nan teknoloji konstriksyon tiltòp, avèk anpil eksperyans nan rechèch ak devlopman nouvèl teknik konstriksyon ak pwosedi pou endistri. Yon kontraktè akonpli, desinatè/konstriktè, ak devlopè, avèk plis pase 40 lane karyè, Sherman dirije gro pwojè konstriksyon atravè Nò Kalifoni.

TRADE SCHOOL ADVISORS

jeff.jpg

Jeff Ballard
Konseye Soudi

Jeff se yon entrikstè sètifye NCCER e yon ESS (Enspektè Soudi Sètifye) e yon ESS (Edikatè Soudi Sètifye) e yon manm Sosyete Ametriken Soudi avèk plis pase 49 lane eksperyans nan fabrikasyon metalik. Avan Extollo, Jeff te manm konsèy Inivèsite Teknik Yòk nan Montay Wòch (Rock Hill), e SC apre yon long karyè reyisi nan jere pwòp atelye fabrikasyon metalik li.

Screen Shot 2022-07-29 at 1.58.10 PM (1).png

Dan Schulze
Konseye Elektrik

Dan se yon Mèt Kontraktè Elektrik pou plis pase 35 lane. Kòm manm plizyè òganizasyon pwofesyonèl, li ede mennen Asosiyasyon Kontraktè Endepandan Elektrik (KEE) nan Senlwi (St. Louis) e li te Visprezidan Asosiyasyon Entènasyonal Enspektè Elektrik nan seksyon kominal li.  Li se yon pasyone ansèyman e fòme ak anseye anpil apranti pandan plis pase 40 lane karyè li.  Li enpòtan pou Dan lè l ap anseye an Ayiti pou l kreye koneksyon avèk etidyan yo pou l pèmet yo wè lanmou l pou Kris lan nan tout sa l ap fè.

bottom of page