top of page

Asistan-Administratif Sant Pwofesyonèl
2022.05.19

RESPONSABLITE: Travay avèk Kwòdonatè Pwogram Fòmasyon an, Direktè Jeneral lan ak Direktè Sant Pwofesyonèl lan pou sipò administratif ki nesesè a Sant lan, sa ki gen ladann Fòmasyon Nivo 1 yo, Pwogram Estaj, Asosiyasyon Etidyan ak Pòt Ouvèt, ak pote èd ki fè si ke pwogram yo byen jere akekzekite avèk ekselans.

FÒMASYON NIVO 1
● Pwomosyon: Nan kolaborasyon avèk Kwòdonatè Pwogram Fòmasyon an, prepare ak distribiye imel ak flayèz nan sa ki konsène pwomosyon pou Fòmasyon Nivo 1 yo. Fè foto ak videyoklip fòmasyon k ap bay yo yon mannyè pou dokimante pwogresyon ak akonplisman etidyan yo.
● Enskripsyon: Prepare materyèl enskripsyon yo ak ede Kwòdonatè Pwogram Fòmasyon an òganize jou enskripsyon yo.
● Materyèl ak Founiti: Prepare materyèl klas yo; sa ki gen ladann kwòdone enpresyon yo, konpile materyèl fòmasyon yo ak prepare sal klas nan mete òdinatè ak pwojektè pou PowerPoint.
● Gradiyasyon: Fè aranjman sou sit lan pou seremoni gradiyasyon. Prepare ak ranje materyèl, kòmande manje ak bwason. Fè si ke sit lan pwòp aprè seremoni yo. Fè si ke etidyan yo ranpli fòmilè ankèt apre-klas lan; sipèviwe tradiksyon fòmilè ankèt yo ak telechaje fòmilè ki ranpli yo sou sèvè-a. Fè si ke etidyan yo ranpli kat remèsiman yo ak yo ekspedye regilyèman ak dilijans nan syèj Extollo ki chita nan Etazini.
● Bazdedone : Anrejistre enfòmasyon etidyan yo nan bazdedone an avan ak aprè chak klas, sa ki gen ladann:
○ Anrejistre kwòdone ak fè foto idantite (avan fòmasyon an kòmanse)
○ Nòt egzamen final yo (nan fen fòmasyon an)
○ Rapò pwogresyon, egzamen ekri ak pratik, evalyasyon fòmatè yo ak foto travay pratik final yo (tout dwe telechaje sou sèvè a lè kou yo fini)
○ Anrejistre tout done semenn avan an nan bazdedone daprè lis kontwòl nan bazdedone a nan fen semenn ki vin aprè a.

ESTAJ
● Zouti, Ekipman ak Materyèl: Enprime ak distribiye materyèl fòmasyon yo pou fòmatè ameriken yo ak etidyan yo avan fòmasyon yo, tankou:
○ Kontra fòmasyon, lis pwojè yo, asiyasyon travay/ekip ak Orè ak Founiti Estaj yo (Si posib).
● Planifikasyon: Patisipe nan rankont planifikasyon avan fòmasyon yo nan objektif pou konprann pwojè estaj yo. Patisipe nan rankont chak jou/chak semenn lidèchip Kwòdinayon Pwogram Fòmasyon an pou n ka swiv pwogresyon chak pwojè ak satisfè bezwen chak manm ekip sipò a.
● Bazdedone: Anrejistre done fèy prezans yo nan bazdedone a:
○ Anrejistre done yo daprè lis kontwòl bazdedone a.
○ Tout enfòmasyon yon semenn dwe anrejistre nan fen semenn aprè.


KOU PRIVE
● Fakti/Pèman: Soumèt fakti yo ak fè si ke esponsò yo/ kliyan yo peye.

PWOGRAM ANSYEN ETIDYAN
● Bazdedone: Mete a jou enfòmasyon ansyen etidyan yo nan bazdedone a, tankou estati adezyon yon ansyen etidyan.
● Òganizasyon evennman yo: Bay èd nan òganizasyon evennman ansyen etidyan yo, sa ki gen ladann aranjman avèk founisè manje yo, planifikasyon, entèvenan ak plan aktivite yo. Dokimante evennman yo avèk foto epi videyoklip.

PÒT OUVÈT
● Òganizasyon Evennman: Ede avèk òganizasyon jounen pòt ouvèt yo, tankou prepare ak voye envitasyon yo, kenbe ajou bazdedone patisipan yo, kwòdone aktivite yo, jere enpresyon materyèl pwomosyon yo, enstale kyòsk prezantasyon.

LÒT DETAY
● Lòt responsablite: Asiste Direktè Jeneral lan ak Kwòdonatè Sant Pwofesyonèl lan nan lòt tach ke yo mande tankou fè acha, enprime ak prepare materyèl, jere achiv yo ak kominike avèk fòmatè yo ak/oswa etidyan, plis lòt bagay ankò.

EGZIJANS PÒS LAN
● Konplete pou piti de (2) etid inivèsite nan edikasyon, jesyon biznis oswa nan nenpòt lòt disiplin ki sanble ak sa yo, oswa senk (5) lane eksperyans travay nan administrayon (yon sètifika fòmasyon ak Extollo se yon avantaj anplis).
● Pale ak ekri byen Kreyòl, Angle ak Franse.
● Gen bon konesans de Anviwonnman Google Suite.
● Metrize Word, Excel, PowerPoint, anviwonnman Windows ak Google Drive.
● Dwe gen lòd, k ap motive tèt ou pou kont ou, ak kapab travay anba presyon ak nan yon anvironnman ki gen plizyè nasyon.
● Genyen yon pèmi kondwi ayisyen ki valid.

bottom of page