top of page

MASON

REZIME
Etidyan yo aprann tout bagay depi nan mezi sekirite ak preparasyon materyèl jiska enstalasyon ba fè ak montaj blòk.  Klas lan fini ak mizanpratik konpetans yo sou sipèvizyon, nan konstwi yon panno mi an blòk mason de 8 pye. Kou an ak kourikoulòm lan bay an Kreyòl Ayisyen. Etidyan yo gen pou pase tès e sètifye. Se yon kou entansif, pratik, ki dire 80 èdtan pandan de (2) semenn.

SÈTIFIKA
Yo teste elèv yo twa fason:
 
1) Tès ekri
2) Egzamen Pratik
3) Etik pwofesyonèl, konpòtman moun ak mounn, lidèchip


Nòt yo majore a yon mwayenn jeneral. Etidyan yo dwe reyisi ak yon mwayenn 70 ou plis pou yo ka resevwa yon sètifika. Chak sètifika ap endike ki mwayenn elèv lan fè.

EKOLAJ
Ekolaj kou entansif sa se 300 dola ameriken. Yon kantite limite bous etid disponib pou etidyan ki kalifye pou sa.

SOUSKRIPSYON
Si-w enterese patisipe nan kou nivo 1 nou an, enskri pou notifikasyon pa imel. W-ap resevwa yon imel pou tout kou ki gen pou vini avèk plis lòt enfòmasyon. Ou ka verifye tou kalandriye fòmasyon nou yo.

OPOTINITE TRAVAY

Etidyan ki sètifye ak yon sètifika nivo 1 Extollo genyen konpetans esansyèl metye-a pou-l travay.  Yo youjou bezwen kontinye pran eksperyans nan fè pratik konpetans sa yo ke yo fenk genyen, men anpil nan yo pare pou travay nan yon ekip ak eksperyans nan metye yo sètifye an, e kèk menm prè pou kòmanse pwòp biznis pa yo.


Si-w se yon patwon k-ap chache anplwaye bon bòs mason tanpri kontakte nou.  N-ap kontan pataje enfòmasyon sou etidyan sètifye nou yo ak ou!


Plis anko
Pou plis detay fè si ke-w ale sou paj KYPP nou an.

bottom of page