top of page

KESYON KI POZE SOUVAN

Ki jan elèv yo enskri nan yon klas Nivo 1?

Apre w fin jwenn enfòmasyon sou kou ki pwograme nan kanpis Bercy oswa Pòtoprens  atravè yon bilten, imèl, sit entènèt nou an, oswa pawòl nan bouch, yon etidyan ka patisipe nan yon sesyon enskripsyon pou l enskri nan kou a. Gen anpil moun ki soti nan lokalite a, alòske gen kèk yo voye sou non biznis yo oswa òganizasyon yo. Lè enskripsyon an, chak elèv ap sibi yon tès sou lekti, matematik, ak konpetans pou yo rezoud pwoblèm. Yo chwazi elèv yo selon potansyèl yo pou yo reyisi kou a.

Yo rete sous sit lan? Sinon, èske-w bay yo lojman?

Etidyan yo reskonsap pwòp lojman yo.  Si yo paka al lakay yo chak jou, yo bezwen jwenn yon espas pou yo rete ki tou pre. Nou ka ede rekòmande kèk opsyon.

Konbyen tan klas yo dire?

Kou Nivo 1 kouvri 40 èdtan ansèyman pa semèn, yo anseye soti 7:30 a.m. rive 4:00 p.m. chak jou, soti lendi rive vandredi. Chak klas Nivo 1 se yon eksperyans edikasyon entansif ki kouvri 80 èdtan ansèyman sou de (2) semèn.

Kijan nou detèmine frè kou yo?

Frè kou yo base sou kalite materyèl siperyè ak ekipman dènye modèl nou itilize nan program nan, yon program pèsonalize ki fèt an kreyòl ak envestisman nou fè nan fòmatè nou yo atravè konsèy ak fòmasyon kontinyèl. Nou genyen tou yon ekip administratif devwe ki asire  tout operasyon nou yo byen mache. Tanpri sonje: Extollo bay gwo sibvansyon sou pwogram fòmasyon li yo, menm nan pousantaj ekolaj aktyèl yo, pou ede konpanse pri ekipman ak materyèl ki koute chè, enstriktè, kourikoulòm, devlopman kontinyèl, ak administrasyon.

 

Etidyan yo peye pou fòmasyon yo?

Wi, etidyan yo reskonsab pou frè yo anvan yon klas kòmanse. Gen anpil etidyan ki esponnsorize pa òganizasyon ki voye yo-a. Gen yon kantite limite bous etid ki disponib pou etidyan ki pa gen esponnsò / sipòte pa yon òganizasyon e ki gen bezwen an aklè.

Konbyen etidyan ki nan klas yo?

Espas lan limite pou ede-n asire kalite fòmasyon n-ap bay. Majorite klas yo genyen ant 10 e 15 etidyan.

Eske nou ofri kou prive?

Wi. Nou ofri kou prive a biznis e òganizasyon ki enterese esponnsorize yon gwoup de 10 oswa plis etidyan. Jwenn plis detay... 

Ki benefis yon kou prive?

Rezève yon klas prive pou 10 oubyen plis etidyan bay posibilite pou chwazi lè fomasyon an selon orè kap bon pou ou epi pèmèt etidyan w yo aprann ansanm nan yon anvironman ki fèt pou sa. Nan lide pou nou ede oganizasyon yo bay fòmasyon Extollo a ak Ekip yo, nou ofri 20% rabè lè yo vle pran plis pase yon klas.

Ki jan yo bay kou yo?

Klas yo fèt ant ansèyman nan sal klas ak aprantisaj pratik,  soti nan nivo ki pi senp rive nan nivo ki pi konplèks nan itilizasyon materyèl ak devlopman kapasite pandan de semèn yo. Extollo itilize materyèl kalite siperyè ak ekipman dènye kri pou bay fòmasyon ki satisfè egzijans yon chantye Ameriken. 85%  tan klas la se ansèyman pratik, pandan chak moun gen espas travay endividyèl yo, sa ki ankouraje devlopman kapasite solid atravè repetisyon. Elèv yo benefisye de eksperyans avanse fòmatè ayisyen nou yo ki travay tou nan konpayi konstriksyon Extollo a.

Ki jan yon jou nòmal sanble?

Etidyan yo rive sou lakou a 7:30 a.m. epi yo kòmanse jounen yo ak etid devosyonèl kòm yon pati nan devlopman karaktè. Aprè, yo aprann nosyon de baz nan metye yo nan sal klas la, ki gen ladan sekirite, matematik, ak seleksyon zouti, anvan yo kontinye sou sijè ki pi avanse. A midi, yo pran yon repo pou yon manje yon pla cho ofri pa Extollo. Yo pase aprèmidi a nan egzèsis pratik, bati epi enstale materyèl ak eleman ki lye ak metye yo. Souvan travay sa yo fèt sou mi fòmasyon, ki bay yon aplikasyon reyèl. Jounen an fini a 4:00 p.m. ak kesyon sou kou a ak yon rezime sou sa yo te aprann.

Eske nou anplwaye etidyan aprè yo fin gradye?

Chak ane nou envite kèk nan pi bon etidyan nou yo pou patisipe nan program estaj ak fòmasyon kontini Extollo a. Men, nou pa kapab pran tout etidyan yo nan pwogram sa. Nou ankouraje sipòtè yo pou ede elèv yo fòme rezo epi chèche opòtinite estaj nan òganizasyon yo ak nan kominote yo. Atravè Asosyasyon Alumni yo, nou ka ede prepare etidyan yo pou yon opòtinite travay avèk yon CV, pòtfolyo, ak sipò pou entèvyou.

Eske-nede etidyan yo jwenn travay lè yo fin gradye?

Nou kenbe tras tout gradye yo atravè Asosiyasyon Ansyen Etidyan nou an, e nou pèmèt yo konekte ak lòt moun nan endistri konstriksyon an.  An mwayenn nou bay trravay a 20% de etidyan ki gradye nan fòmasyon Nivo 1 nou yo atravè plizyè pwojè pou-n ede yo anplis avèk edikasyon yo e ofri yo yon salè pandan y-ap kontinye pran eksperyans nan metye yo.  Nou sèvi tou tankou yon rezo pwofesyonèl nan zafè konstriksyon e kontak enfòmasyon gradye nou yo pataje ak lòt biznis e òganizasyon k-ap chache anplwaye bon jan travayè ki nan domenn lan.

Ki objektif Asosyasyon Alumni an e ki moun ki ka inskri?

Nenpòt moun ki te konplete avèk siksè fòmasyon nivo 1 yo envite pou rantre nan asosyasyon Alumni Extollo a, pou sa wap bezwen ranpli yon fòmilè tou kout. Asosyasyon Alumni an te kreye pou ede gradye yo jwenn opòtinite travay atravè konsèy, evènman, fòmasyon pou chèche travay, sipò zouti, ak mikwo-finansman. Kontakte Extollo Sant Fòmasyon nan (509) 3264 0717 pou aplike.

Ki sous finansman-w?

Pou kounye-a, majorite lajan fonksyonnman nou vini de Extollo International. Kòm n-ap kontinye grandi nou konte itilize benefis konpayi konstriksyon nou an nan lekòl pwofesyonèl lan, konsa n-ap ede ogmante kantite etidyan k-ap kapab patisipe nan pwogram fòmasyon nou yo.

Ki pwochen pwojè w-genyen?

Youn nan pwochen objektif nou genyen se kontinye devlope plis kourikoulòm (tankou finans ak jesyon) nan yon pwogran k-ap bay plis pwa a fòmasyon ke etidyan nou yo ap resevwa.

Pa jwenn repons pou kesyon ou a? Imèl nou

bottom of page