top of page

SA-W DWE KONNEN DE NOU

Nou se yon konpayi ekonstriksyon avèk fokis sou fòmasyon ki montre pi wo nivo eskelans ak entegrite, ki fikse estanda pou metòd ekonstriksyon menm jan ak pwodui ekonstriksyon an Ayiti.

Objektik konpayi nou a se pou:

  • Leve nivo kalite ekonstriksyon an Ayiti atravè yon fòmasyon, pwodui ak sèvis de trè bon kalite.

  • Kreye opòtinite travay ak ekonomik atravè anplwa dirèk ak konpayi ekonkstriksyon afilye.

  • Devlope ak ansyeye trè karaktè Jezi yo nan tout sa n ap fè.

Kòm yon konpayi avèk fokis sou fòmasyon, pwogram fòmasyon nou an ofri kou pwofesyonèl trè pratik nan Mason, Beton, Elektrik, Soudi elatriye.  Etidyan ki seleksyone yo jwenn opòtinite pou yo avanse avèk yon fòmasyon pratik atravè pwogram Estaj/Nivo 2 nou an.  Nan operasyon ekonstrksyon nou yo n ap devlope plizyè modèl kay ak mi kloti ki itilize teknoloji ekonstriksyon tiltòp lan - premye nan fason sa an Ayiti.  N ap bati kapasite n pou n ofri pwodui fabrikasyon metalik wo nivo.  Devlopman fòmasyon ak pwofesyonèl antre nan tout sa n ap fè.

 

Kilti konpayi nou a bati sou fondasyon respè, kolaborasyon, ak travay en ekip.  Nou valorize ide inik yo ak tout konpetans manb yo nan ekip nou e nou fè tout sa ki posib pou kreye yon anviwonnman kote chak moun ka grandi. Nou kwè lè n ap envesti nan ekip nou, nou ka atenn objektif nou yo ak bay kliyan nou yo pi bon rezilta posib.

Manm yo nan ekip nou se batman kè òganizasyon nou an. Nou priyorize byennèt ekip nou e nou fè tout sa ki posib pou kreye yon kilti ki ankouraje devlopman pwofesyonèl ak kwasans pèsonèl.  Nan Extollo, nou kwè ke nan ranfòse ekip nou, nou ka akonpli bèl bagay ansanm.

 

Estaf Lan

Keith Cobell

President

sherm and cheryl.jpg

Sherman Balch

General Contractor /

Construction Lead

Our Haiti-Based Team Members

For the security of our staff, we are not currently publicly listing our Haiti team.
For any questions, please contact info@extollo.org

TRADE SCHOOL ADVISORS

jeff.jpg

Jeff Ballard
Konseye Soudi

Jeff se yon entrikstè sètifye NCCER e yon ESS (Enspektè Soudi Sètifye) e yon ESS (Edikatè Soudi Sètifye) e yon manm Sosyete Ametriken Soudi avèk plis pase 49 lane eksperyans nan fabrikasyon metalik. Avan Extollo, Jeff te manm konsèy Inivèsite Teknik Yòk nan Montay Wòch (Rock Hill), e SC apre yon long karyè reyisi nan jere pwòp atelye fabrikasyon metalik li.

Screen Shot 2022-07-29 at 1.58.10 PM (1).png

Dan Schulze
Konseye Elektrik

Dan se yon Mèt Kontraktè Elektrik pou plis pase 35 lane. Kòm manm plizyè òganizasyon pwofesyonèl, li ede mennen Asosiyasyon Kontraktè Endepandan Elektrik (KEE) nan Senlwi (St. Louis) e li te Visprezidan Asosiyasyon Entènasyonal Enspektè Elektrik nan seksyon kominal li.  Li se yon pasyone ansèyman e fòme ak anseye anpil apranti pandan plis pase 40 lane karyè li.  Li enpòtan pou Dan lè l ap anseye an Ayiti pou l kreye koneksyon avèk etidyan yo pou l pèmet yo wè lanmou l pou Kris lan nan tout sa l ap fè.

bottom of page